MWEN TA RENMEN KONNEN PI PLIS TOUJOU

(Tounen monte)

Mwen ak ou sanble.

Mwen ak ou, ak tout lòt moun k ap viv sou latè gen twa bezwen fondamantal: Bezwen pou moun renmen nou, bezwen pou moun bezwen nou, ak bezwen pou moun asepte nou.

Sa w panse si m ta di w mwen konn kouman ou ka jwenn satisfaksyon pou tou lè twa bezwen sa yo?

Sa w panse si m ta di w se pa vann mwen pral vann ou anyen?

Sa w panse si m ta di w twa bezwen sa yo moun pa ka fè anyen pou merite yo, men se jis yon kado yo ye?

Pou m di w byen, gen yon lè nan lavi m, mwen pa t gen lapè, ni lespwa, ni objektif mwen genyen kounye a. Mwen t ap chache nan monn lan, ak lespwa mwen t ap jwenn plis pase sa nan lavi a.

Yon jou, yon moun te pale m de yon Bondye ki renmen m anpil. Li te di m Bondye sa a gen relasyon pèsonèl ak moun, li pa rete lwen yo. Li envite m al viv nan syèl ak Li pou tout tan lè m mouri.

Men mwen te gen yon poblèm. Syèl la bon nèt, mwen menm, mwen pa bon nèt, kifè mwen pa ta ka antre la. Men Bondye sa a te fè yon wout pou mwen. Li te voye pitit li Jezi Kris vin mouri pou peye dèt peche m yo. Apre 3 jou, li te resisite pou l te ka montre Li se vrè solisyon an.

Kon sa, mwen te envite Jezi vin dirije lavi mwen. Mwen mande L pou L padone tout sa m fè ki  mal yo, epi mwen mande L pou Li ban m pouvwa pou m pa viv pou tèt mwen ankò, men pou m ka viv pou Li pito.

Ou konn sa ki rive? Mwen vin gen nouvo jwa, lapè ak objektif. Se yon vrè mirak. Epi sa pa rete la non!

E ou menm ? Èske w prè pou yon nouvo kòmansman nan lavi w? Bib la di, lè nou mande Jezi pou L vin chèf/ Senyè lavi nou, nou se yon nouvo kreyati… bagay ansyen yo pase epi tout bagay vin nouvo !

Men yon kesyon trè enpòtan?

“Ki sa ki ta ka anpeche w remèt lavi ou bay Jezi nèt jodi a?”

Lapèrèz? Enkyetid? Presyon zanmi? Oubyen tou senpman pètèt ou evite panse ak zafè letènite? Pètèt ou di tèt ou Bondye gen twòp lòt bagay enpòtan pou L regle.

Men bon nouvèl la. Bondye renmen ou! Si nou mande padon pou peche nou yo, Li va padone nou … kèlkeswa gwosè peche a. Pou ki sa pou w t a ret ap pèdi tan?

Tande, pwen A,K,K yo di kouman nou ka al nan syèl la:

­­­ADMÈT mwen fè sa ki mal. Mwen se yon moun ki fè peche. Epi Bondye pa ka kite okenn peche antre nan syèl la, sinon li pa t ap syèl ankò.

        KWÈ ak tout mwen Jezi Kris te mouri pou peche m yo, apre sa li te resisite pou l montre se li menm ki solisyon an.

KONFESE peche mwen yo epi mande L pou padone mwen. Mwen dwe dakò vire do bay peche ak èd Bondye. Mande Jezi pou L vin Senyè ak Sovè … ak chèf lavi mwen.

Ou p ap ka netwaye lavi ou anvan ou vin jwenn Bondye. Ou dwe vini jan ou ye a. Bon bagay nou fè yo pa enpresyone Bondye, paske limenm li san peche. Li vle padone nou epi libere nou!

Ki sa ou panse? Ki sa ki ka anpeche w mande Jezi pou L vin Wa nan lavi w jodi a menm ? Pa gen anyen?

Eben, èske w vle di priyè sa a ak tout kè w ansanm avèk mwen kounye a?

Ann ale, di priyè sa a byen fò kounye a si w kapab depi w ap fè l ak tout kè ou:

“Senyè Jezi,

Mwen rekonèt mwen fè sa k pa bon, epi mwen se yon pechè. Mwen mande padon pou peche mwen yo. Mwen kwè Ou te mouri nan plas mwen epi ou te resisite ankò. Kon sa mwen di ou peche m yo. Tanpri padone mwen epi ban mwen yon nouvo kòmansman. Mwen mande pou W vin chèf lavi mwen ak Senyè nan kè mwen. Ede m pou mwen viv pou ou kounye a. Mwen di Ou mèsi pou gran lanmou Ou ak padon Ou. Mwen priye nan non Jezi…amèn!”

Felisitasyon! Si w te fè priyè sa a ak tout kè w, Bondye tande ou kounye a menm. Li padone tout vye bagay ou te fè yo. Kit peche w yo te gwo oubyen piti, Li padone ou. Kounye a ou gen yon nouvo kòmansman… yon lavi tou nèf!

Men kouman lanmou ou pou Bondye kapab kontinye rete djanm pou l pa janm fane:

Li Labib ou chak jou, priye chak jou. Mwen ap ankouraje w kòmanse li liv Jan an. Li va pale ou de Jezi ak lanmou Li pou ou. Epi lapriyè se senpman pale ak Bondye. Di Li mèsi pou bèl bagay li nan lavi w, epi mande l pou l ba ou sajès nan moman difisil yo.

Chache yon legiz ki kwè nan Labib epi ki preche pou moun gen relasyon pèsonèl ak Jezi menm jan ou sot fè la a, pou w ka pèsevere. Si w ta bezwen nou ede w jwenn youn, voye yon imel pou mwen epi m ap kabap ede ou.

Se pou ou batize nan dlo. Sa a va mete yon so sou dezisyon ou lan epi l ap rann li pi djanm anndan kè w. Legliz ou kapab ede w nan sans sa a.

Se pou ou ranpli ak Lespri Sen an. Mande Bondye chak jou pou Li ranpli ou ak Lespri Sen Li, epi pou Li lage don li yo sou ou. 5 premye chapit liv Ak la ap ede ou nan sans sa a.

Toutotan ou kapab, pale yon lòt moun de priyè sa a ou fè jodi a, ak kouman Jezi padone ou.

Kounye a, gen yon dènye bagay. Ou ap kapab voye imel pou mwen nan frostygrapes@oasiswm.org, epi pale m de desizyon sa a ou te pran pou fè Jezi vin Wa nan kè ou. Pètèt se kapab premye fwa ou rive fè yon bagay kon sa, oubyen pètèt ou te mete sou kote zafè espirityalite sa a epi kounye a ou retounen lakay ou. Kèlkeswa jan sa ta ye a, mwen t ap renmen tande istwa ou la.

Men kèk sit entènèt ki va ede w grandi nan nouvo lafwa sa a:

www.sloppynoodle.com
www.needhim.org
www.yonminittemwayaj.org
www.oasisworldministries.org

MWEN PA GEN LONTAN DEPI M REMÈT LAVI M BA LI

(Tounen monte)

Felisitasyon!

Mwen kontan anpil dèske w te priye pou mande Jezi vin Wa nan lavi ou. Sa se yon nouvo ak yon bèl kòmansman pou ou. Mwen konnen sa te mande anpil kouraj ak yon tikal lafwa, men Bondye te tande priyè ou la.

Piske ou te envite Jezi vin Senyè nan lavi ou, kounye a Li pral ba ou direksyon, L ap gide ou, L ap ba ou rekonfò ak lapè. Ou pral kòmanse viv pou Li kounye a pandan w ap mande l sa chak jou. Syèl la ak zèb yo pral vin pi bèl. Epi lè w gen poblèm ou kapab al kote Li nan lapriyè.

Kounye a ann fè yon revizyon sou kijan Bib la di nou ka konnen si nou pral nan syèl.

Mwen rele li pwen A,K,K yo:

ADMÈT mwen fè sa ki mal. Mwen se yon pechè. Epi Bondye pa ka kite okenn peche antre nan syèl la, sinon li pa t ap syèl ankò.

        KWÈ ak tout mwen Jezi Kris te mouri pou peche m yo, apre sa li te resisite pou l montre se li menm ki solisyon an.

KONFESE peche mwen yo epi mande L pou padone mwen. Mwen dwe dakò vire do bay peche ak èd Bondye. Mande Jezi pou L vin Senyè ak Sovè … ak chèf nan lavi mwen.

Kòm ou konnen, ou pa t ap kapab netwaye lavi ou anvan ou vin jwenn Bondye. Ou dwe vini jan ou ye a. Bon bagay nou fè yo pa enpresyone Bondye, paske limenm li san peche. Li vle padone nou epi libere nou!

Epi mwen panse priyè ou te fè a te di kon sa:

“Senyè Jezi,

Mwen rekonèt mwen fè sa ki mal, epi mwen se yon pechè. Mwen mande W padon pou peche m yo. Mwen kwè Ou te mouri nan plas mwen epi ou te resisite ankò. Kon sa mwen di ou peche m yo. Tanpri padone mwen epi ban mwen yon nouvo kòmansman. Mwen mande pou W vin chèf lavi mwen ak Senyè nan kè mwen. Ede m pou mwen viv pou ou kounye a. Mwen di Ou mèsi pou gran lanmou Ou ak padon Ou. Mwen priye nan non Jezi…amèn!” Epi si w te fè priyè sa a ak tout kè w, Bondye tande ou kounye a menm. Li padone tout vye bagay ou te fè yo. Kit peche w yo te gwo oubyen piti, Li padone ou. Kounye a ou gen yon nouvo kòmansman… yon lavi tou nèf!

Men kouman lanmou ou pou Bondye kapab kontinye rete djanm pou l pa janm fane:

Li Labib ou chak jou, priye chak jou. Mwen ap ankouraje w kòmanse li liv Jan an. Li va pale ou de Jezi ak lanmou Li pou ou. Epi lapriyè se senpman pale ak Bondye. Di Li mèsi pou bèl bagay li nan lavi w, epi mande l pou l ba ou sajès nan moman difisil yo.

Chache yon legiz ki kwè nan Labib epi ki preche pou moun gen relasyon pèsonèl ak Jezi menm jan ou sot fè l la, pou w ka pèsevere. Si w ta bezwen nou ede w jwenn youn, voye yon imel pou mwen epi m ap kabap ede ou. Se pou ou batize nan dlo. Sa a va mete yon so sou dezisyon ou lan epi l ap rann li pi djanm anndan kè w. Legliz ou kapab ede w nan sans sa a. Se pou ou ranpli ak Lespri Sen an. Mande Bondye chak jou pou Li ranpli ou ak Lespri Sen Li, epi pou Li lage don li yo sou ou. 5 premye chapit liv Ak la ap ede ou nan sans sa a. Toutotan ou kapab, pale yon lòt moun de priyè sa a ou fè jodi a, ak kouman Jezi padone ou.

Kounye a, gen yon dènye bagay. Ou ap kapab voye imel pou mwen nan frostygrapes@oasiswm.org, epi pale m de desizyon sa a ou te pran pou fè Jezi Wa nan kè ou. Pètèt se kapab premye fwa ou rive fè yon bagay kon sa, oubyen pètèt ou te mete sou kote zafè espirityalite sa a epi kounye a ou retounen lakay ou. Kèlkeswa jan sa ta ye a, mwen t ap renmen tande istwa ou la.

Tanpri voye imel pou mwen nan: frostygrapes@oasiswm.org, epi anvan ou soti sou sit sa a, men kèk lòt sit entènèt ki kapab ede w nan nouvo lafwa ou la.

MWEN PA ENTERESE

(Tounen monte)

Ki sa ki kapab anpeche ou vrèman pou w soumèt lavi w anba otorite ak lanmou Jezi Kris, li menm ki se Bondye ki te mouri pou OU?

Men rezon kèk moun bay:

“Mwen poko prè.”

Ok, èske w prè pou mouri aswè san w pa jwenn padon pou peche w yo? Si non, ou prè pou ou aksepte Jezi kounye a. Menm jan gen yon Bondye ki renmen w anpil, se menm jan an tou gen yon dyab ki rayi w anpil.  L ap ba ou tout kalte rezon ak eskiz pou w PA remèt Jezi kè ou ak lavi ou. Se poutèt sa Labib rele l  ‘papa tout manti.’

Oubyen, ou poko prè pou w kite kèk peche nan lavi ou. Sa a pa nouvo. Nou tout gen yon lè nou dwe viv pou Jezi. Èske sa vo lapenn pou peche w pi renmen an fè w pa vin jwenn Bondye pou w ka al nan syèl? Kèlkeswa peche ou kite a, mwen pwomèt ou Bondye ap ranplase l ak yon pi gran jwa ak lapè nan kè w.

Ann ale. Vin jwenn Bondye nan lafwa, kite eskiz yo dèye ou. L ap ede ou chak jou.

“Bondye gen twòp lòt bagay ki pi enpòtan pase priyè m yo pou L jere.”

Fè yon panse ak sa. Èske w panse Bondye ki kenbe tout linivè a ansanm kabap reponn sèlman 20 rekèt priyè pa jou? Èske w panse ou bezwen ret nan liy ap tann, oubyen pou w netwaye lavi w anvan pou Bondye kapab tande priyè ou?

Bib la di Bondye pa ta renmen pyès moun (OU MENM) pèdi syèl la. Si ou te sèl grenn pechè sou latè, li t ap toujou vin sou tè a pou l mouri epi resisite jis pou w kapab jwenn padon!

Li ap tann ak anpil pasyans pou w vin jwenn Li. Chak maten depi solèy la leve, Li pale avè w epi montre ou bonte Li. Pa tann yon lòt jou paske ou pa konnen ki lè dènye jou pa w sou latè a ap rive. Ou mèt sèten, ou ka al nan syèl la senpman lè w chache sekou Bondye.

Si se sa ou vle, al nan atik sa a: "MWEN TA RENMEN KONNEN PI PLIS TOUJOU".

“Mwen fè twòp peche.”

Ki sa ou rele twòp la? Èske Bondye fè yon diferans ant ‘moun ki fè peche ki bon’ ak ‘moun ki fè peche ki pa bon’?

Daprè Labib, nou TOUT fè peche, pa gen PYÈS MOUN ki ka al nan syèl la, paske lè sa a syèl la pa t ap bon nèt ankò. Kèlkeswa peche nou yo te gwo oubyen piti, nou youn pa kalifye. Nou tout fè peche.

Men Bondye nan lanmou Li kouvri TOUT peche. Menm pandan Jezi t ap mouri sou lakwa a, te gen 2 mechan yo te krisifye ak li. Youn t ap pase l nan betiz, men lòt la te sipliye Jezi pou padone li. Epi Jezi te di m ap fè sa.

“Lè m ap konpare m ak kèk moun, mwen wè m se yon bon moun … mwen pa mechan menm jan ak anpil lòt moun.”

Èske bon zèv ou yo kapab mennen w nan syèl? Èske kwè tout bon ou fè ase bon zèv pou al nan syèl? Gen 2 bagay ki bay poblèm ak apwòch sa a.

Youn se kesyon sa a, konbyen bon zèv mwen dwe fè pou m ka al nan syèl la? E si mwen rate youn ladan yo?

Lòt difikilte a se, ‘si m kapab al nan syèl akoz bon zèv mwen fè yo, pou ki sa Jezi te oblije vin sou latè pou l mouri?’

Labib aprann nou pyès moun pa ka genyen syèl la… se jis yon kado li ye!Men ou bezwen resevwa kado sa a pa mwayen lafwa.

Bon zèv se yon bagay ki trè enpòtan, men youn ladan yo pa ka efase peche nou. Sèlman Jezi ak sa Li fè sou lakwa a ki kapab fè nou jwenn padon.

Alòs, eskiz yo fini? Se moman pou w rele Bondye epi mande L pou vin pran kontwòl lavi ou. Mande L pou L padone w epi pou L vin Senyè w, Sovè w ak Chèf nan lavi ou. Se va pi bon chwa ou fè pou tout tan.

Ale nan atik sa a: "MWEN TA RENMEN KONNEN PI PLIS TOUJOU", epi w ap kapab di priyè sa a ki va chanje lavi w pou tout tan!